Anba plim
Paul Jeremie
Yo mande m sa m panse de pwoblèm gang ak kidnaping k ap fè ravaj lakay.

Anba plim
Paul Jeremie
Yo mande m sa m panse de pwoblèm gang ak kidnaping k ap fè ravaj lakay.
Yo mande m sa m panse de avyon lepèp boule nan ayopò Okay.
Di yo men sa m di. Komisyon pa chay.
Desten Ayiti deraye depi 17 oktòb 1806 lè Pétion òganize asasina Dessalines Le Grand. Éske li te aji nan enterè politik li oubyen li panse se te nan enterè peyi a ? Listwa va jije.
Ekonomi Ayiti pèdi dwa granmoun li depi 17 avril 1825 lè Boyer, eritye Pétion, siyen dèt lendepandans ak Lafrans. Éske yo te aji nan enterè kouzen fransè yo oubyen yo panse se te nan enterè peyi a ? Listwa va jije.
Kilti Ayiti pèdi idantite l depi omwen 28 mas 1860 lè Geffrard siyen Concordat ak Vatican e remèt edikasyon piblik bay eritye bouwo zansèt nou. Eske se te aksyon yon alyene mantal oubyen yon moun ki te wè enterè peyi a ? Listwa va jije.
Twa pouvwa Leta an Ayiti pèdi dwa granmoun yo depi omwen 27 jiyè 1915 lè Etazini okipe peyi a ofisyèlman jiskan 1934. La a, jijman listwa tou di n se pa enterè Ayiti ke gouvènman ameriken te vin pwoteje. Li te vini defann enterè pa l. Li te la pou l piye... epi li kontinye ap piye pandan l apiye sou Conze.
Nan tout ka kote Ayiti pèdi nan souverènte l, se toujou andedan ki bay pou deyò ka pran. Sa a se bon koze san wete san mete.
Ayiti bezwen yon "taboula raza", yon bale wouze.
Osinon l ap kraze sou nou tout, san nou pa gen tan rele anmwe.
Ayiti ap toufe anba yon sistèm oligachi neyoesklavajis peze souse jete.
Bagay sa a mande rejete.
Sistèm sa a akouche yon sistèm kapitalis sovaj ki se yon malè pandye.
Yon pati jwenn, yon majorite pa jwenn, yon ti minorite gonfle.
Fòk gen yon koupe fache.
Lapatri an danje.
Eritaj twa san lane lesklavaj sa a se pwazon danjere.
Ayiti nan kondisyon koloni Sendomeng te ye nan lane 1791 kare bare.
Yon bon pati nan majorite nasyonal la di jan l pase l pase.
Yo pa santi yo gen anyen pou yo pèdi paske yo deposede.
Yo pa santi yo moun an verite.
Se menm dezespwa sa a ki pouse anpil nan yo pran bato refijye,
Pandan yo konnen gen plis chans pou yo mouri nan dlo peyi etranje.
Twòp enjistis ak abi.
Twòp manti.
Twòp ipokrizi.
Twòp lachte.
Twòp enpinite.
Twòp konplèks ak prejije.
Twòp diskriminasyon.
Twòp eksplwatasyon.
Twòp manipilasyon.
Twòp bè ap fèt sou do lamizè.
Twòp moun ap bat dlo pou fè bè.
Twòp endiferans.
Twòp rayisans.
Se twòp atò !
Lage l, lage l, lage l !
Absè a dwe pete.
Nan eta sa a, pa gen zafè kite peyi a mache
Si nou vle l avanse.
Peyi a dwe fèmen pou rekonstriksyon, tout moun dwe deranje,
Tout moun dwe soufri dekwa pou mantalite yo chanje vre.
Gen yon seri politisyen ki sèvi ak ensekirite, enstabilite, barikad, dechoukaj, sabotaj ak zak teworis pou yo bloke peyi a. Anpil fwa, se sèl jan yo ka pran pouvwa. Éske y ap aji nan enterè pati yo oubyen nan enterè peyi a ? Listwa va jije.
Pou lòt sitwayen tankou m, bloke peyi dwe yon ekzèsis demokrasi ki pase pa grèv manch long nan transpò ak travay, manifestasyon, bòykòt, dezobeyisans sivil, grèv dyaspora nan transfere lajan ak nan vwayaje lakay. Èske nan kondisyon sa yo chèf yo ap ka gouvène ? An n rete gade.
Bloke peyi kapab pa nesesè si refòm kòdyòm fèt nan Leta si lelit yo konsanti rebat kat la ak mas pèp la san bri san kont. Se sa l ye. Antann pou n antann nou. Nou ka fè plis nan tèt kole san fè visye. Moun sivilize pa oblije kraze brize pou yo jwenn sa yo vle.
Moun ka diskite sou estrateji ki pi efikas pou fè peyi a bloke.
Kapab gen deba sou zam ki pi lejitim pou fè "sistèm" nan kapote.
Men sa ki enpòtan, peyi a dwe lòk byen klete,
Toutotan moun ki gen privilèj ak monopòl yo refize tande.
Wè pa wè, fòk tren lanmò sa a kanpe.
Jan l pase l pase.
Si revolisyon 1803 a pa fini,
Ayiti cheri ap depafini,
Desalin ap remouri,
Se nou tout k ap pèdi,
Akoz egoyis n ap peri.
Pwoblèm Ayiti gen pye ak tèt. Tèt la se pitit peyi a, se la solisyon an ye,
E sa ap mande gwo sakrifis tout kote.
Konpatriyòt Hubert Deronceray te byen pale :
"L'avenir d'Ayiti est bloqué à l'intérieur par des égoïsmes irréconciliables et à l'extérieur par un racisme à visage découvert".
Sitwayen ayisyen, jwèt pou nou. Ankouraje !
Megadialogue@yahoo.com




Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.