Grann ! Ou te gen sèlman 9 van lè tè sa a ou te renmen anpil la te gentan ap kriye anba bòt fè meriken an 1915. Ou te gen 9 lane sèlman lè lokipasyon debake, etenn souf Pierre Sully, fè dappiyanp pou demen, krache sou souverènte, kòmkidire 1804 pa dwe dire. Grann ! Alo grann ! Alo grann Sarilia Renard ! Mwen se Alner Elidor, pitit Eliette Sainvil. M vin pale avè w avèk yon kè plen tras tristès fanmi, zanmi poko ka sevre. Alo grann Manli ! Ou fèt 8 jen 1924, lokalite Fwazon, 5èm seksyon komin Podepè. 26 me 2024 la ou deside pran boulva letènite avèk tout doulè w nan kè w pou peyi w k ap tann yon lòt fwa ankò bòt etranje. Kisa w pwal di Sadieu Renard ak Fanise Calixte, Jean-Jacques Dessalines ak Capois-La-Mort lè pa gen veso lakay nou ankò pou n pare dlo je peyi nou an k ap priye, k ap kriye, k ap trepase anba je « peyi zanmi »…?

Grann ! Se yon syèk wi ou t apwal genyen 8 jen 2024 la. Epi, vwala,16 jen k ap vini la a, nan Florida, n ap prepare pou n di w adye ajamè. Grann Manli ! Ou se senbòl lanmou enkondisyonèl pou pitit ou, pitit pitit ou, peyi ou, Fwazon… Sarilia a 15 zan ou pran gouvènay yon fwaye. Ou fè 10 pitit ki ba w 45 pititapitit. Gran kòmèsan devan Letènèl, nan tout mache ou te toujou ap mache bouske lavi pou pitit ou wè demen klè. Pou ou, travay se kle lavi, kòd lavni…