Grann ! Ou te gen sèlman 9 van lè tè sa a ou te renmen anpil la te gentan ap kriye anba bòt fè meriken an 1915. Ou te gen 9 lane sèlman lè lokipasyon debake, etenn souf Pierre Sully, fè dappiyanp pou demen, krache sou souverènte, kòmkidire 1804 pa dwe dire. Grann ! Alo grann ! Alo grann Sarilia Renard ! Mwen se Alner Elidor, pitit Eliette Sainvil. M vin pale avè w avèk yon kè plen tras tristès fanmi, zanmi poko ka sevre. Alo grann Manli ! Ou fèt 8 jen 1924, lokalite Fwazon, 5èm seksyon komin Podepè. 26 me 2024 la ou deside pran boulva letènite avèk tout doulè w nan kè w pou peyi w k ap tann yon lòt fwa ankò bòt etranje. Kisa w pwal di Sadieu Renard ak Fanise Calixte, Jean-Jacques Dessalines ak Capois-La-Mort lè pa gen veso lakay nou ankò pou n pare dlo je peyi nou an k ap priye, k ap kriye, k ap trepase anba je « peyi zanmi »…?
Grann ! Se yon syèk wi ou t apwal genyen 8 jen 2024 la. Epi, vwala,16 jen k ap vini la a, nan Florida, n ap prepare pou n di w adye ajamè. Grann Manli ! Ou se senbòl lanmou enkondisyonèl pou pitit ou, pitit pitit ou, peyi ou, Fwazon… Sarilia a 15 zan ou pran gouvènay yon fwaye. Ou fè 10 pitit ki ba w 45 pititapitit. Gran kòmèsan devan Letènèl, nan tout mache ou te toujou ap mache bouske lavi pou pitit ou wè demen klè. Pou ou, travay se kle lavi, kòd lavni…






Commentaires
Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.