EmploiAnnonces
Le Nouvelliste
S'identifier
  • À la une
  • À la minute
  • Culture
  • Economie
  • Editorial
  • International
  • Les remous de l'actualité
  • National
  • Opinions
  • Sport
  • Ticket Mag
Le Nouvelliste

© Le Nouvelliste 2026

Les sections du site

CultureEconomieÉditorialNational
OpinionsSociétéSportTicket

Les services

L'applicationContactez nousDeuilsPetites annonces
Annonces immobilièresToutes nos archivesRSS

Groupe Le Nouvelliste

Magik9Printemps de l'artTélé 20
Livres en folieArtisanat en fête
FacebookInstagramTwitterYoutube
Conditions générales d'utilisationPolitique de confidentialitéConditions générales d'abonnementSuppression de compte
FR|EN
Opinions

Dwa Granmoun Tout Moun

PJ
Paul Jeremie

October 16, 2025 · Lecture : 3 min

🇫🇷Lire en français
Transmission intergénérationnelle
Transmission intergénérationnelle
Suivre sur Google Actualités

Yon kanmarad mande yon lòt : « Respekte desizyon sila yo ki pa vle fè pitit ». Sanble li t ap reponn yon endividi ki t ap bay moun dikte sou fason yo dwe sèvi ak kò yo, sou jan yo dwe mennen vi prive yo. An sòm, li t ap di moun nan pa foure bouch li nan sa k pa gade l. Avan yon moun antre nan yon koze kon sa, li dwe konnen ke se pa vle yon seri de moun pa vle fè pitit, se kapab yo pa kapab oubyen se pare yo pa pare.

Depi yon moun granmoun tèt li, kò l se pou li, se byen li, se zafé li, li sèl gen tout dwa jere l jan l vle, jan l fè l byen. Sa valab an jeneral menm pou jèn adolesan ki po ko majè.

Moun gen dwa deside mete move bagay nan kò yo (manje mal, fimen), deside pa mete anyen nan kò yo (fè jèn, fè grèv grangou), deside sevre kò yo ak sèks (fè abstinans), deside vann ou ofri kò yo a moun yo vle, jan yo vle, deside retire sa ki anndan kò yo (fè avòtman ak lòt operasyon), deside pa mete pwodui chimik nan kò yo, tankou vaksen ak medikaman... 

300 × 250

Moun gen dwa deside chanje aparans kò yo (mete tatou, zanno, fo cheve, fo dèyè, fo tete, fo plim je ak makiyaj). Yo gen dwa chanje koulè po yo. Evidamman, moun gen dwa pa vle moun manyen kò yo e rete pre yo.

Menm jan an, moun gen tout dwa deside pa pote lavi nan kò yo (pa fè pitit), dwa retire souf lavi nan kò yo (suiside tèt yo), dwa anpeche moun detwi lavi ki nan kò yo (lejitim defans).

Dwa natirèl sa yo pa negosyab. Se petèt sèl vre dwa moun genyen. Se pa sèten moun gen lòt dwa, eksepte dwa pou yo byen touche lè yo travay, dwa pou yo jwenn sèvis nan men Leta si yo peye taks, dwa pou yo gen opinyon ak kwayans pèsonèl yo, dwa pou yo pa temwaye lè sa kapab nui yo. Moun gen dwa di sa yo panse tou e sa k sou kè yo si yo pare pou konsekans yo... paske sa w fin di pa pou ou ankò. Si diyite, laverite, sante, manje, trankilite, sekirite ak viv ere se dwa vre, yo pa asire.

Refleksyon sa yo ka mennen yon kesyon : Èske moun gen dwa mache toutouni nan lari ? Anpil moun panse yo gen dwa sa a tout longè. Li klè moun gen dwa fè sa lakay yo, kòm kò yo se pou yo, e lakay yo se pou yo. Sepandan se pa sèten moun gen dwa mache toutouni nan lari jan yo vle, paske lari a pa pou yo, lari a se pou Leta, e Leta gen dwa mete règleman sou pratik sa a. Vwala pou ki, nan yon seri de zòn espesyal, dirijan Leta konn bay moun dwa mache toutouni, tankou sou plaj nidis.

Li enpòtan pou n sonje depi n ap viv ak moun e nou pa p viv pou kò n, ap toujou gen limit sou yon seri de dwa nou genyen. Anplis, tout dwa vin ak devwa. Pa ekzanp, yon moun gen dwa fè sèks ak moun li vle. Sepandan si yon pitit tonbe, se sèl fi an ki gen dwa deside si l ap kenbe bebe a (paske kò l se pou li), e se devwa papa a pou ede manman an okipe pitit la kòm sa dwa. Si gason an kwè li gen dwa pa okipe pitit la, fi an gen dwa rele l devan lajistis, e Leta gen dwa sezi yon pati nan lajan nèg la pou l remèt bay fi a. Kon sa, timoun nan ap jwenn bon jan swen jouk li gen laj granmoun.

M te fè pwen sa yo pase nan yon disètasyon yo te ban m nan klas Filo ann Ayiti.

« Peut-on revendiquer ses droits sans consentir à ses devoirs ? »

Jwi dwa n, kite lòt jwi dwa pa yo. Viv lavi n, lese lòt viv. Sa se bon jan viv ansanm.

megadialogue@yahoo.com

https://www.facebook.com/paul.jeremie.7?mibextid=ZbWKwL

Suivez-nous sur WhatsApp
DwaMoun

Lire aussi

Opinions4 novembre 2026

IA et éthique : un redoutable piège pour les pays du Sud

Opinions4 novembre 2026

Le secret de polichinelle

Opinions4 novembre 2026

Le monde universitaire et le barreau de Port-au-Prince en deuil : Me Claudette Belfont nous a quittés

Opinions3 novembre 2026

Nan kè nou tankou nan tèt nou: avni peyi a dwe jwenn plas li merite a…

Commentaires

Aucun commentaire pour le moment. Soyez le premier à réagir.

Les commentaires sont modérés avant publication. Votre e-mail n'est pas publié.